MEN YON NOT ALATET LEKOL LA MET DEYO

MEN YON NOT ALATET LEKOL LA MET DEYO 


Nou vle fè toutmoun konnen ke nan jou kite 5 mas pase a, yon gwoup enjenyè ki soti nan peyi meriken e ki abitye bay dizon nan plizyè peyi kote tranbleman de tè konn pase, te vinn gade baz, vizite, pran foto kay GRAND COLLEGE L’HUMANISME nan Delma 28 la epitou poze kestyon, retounen nan peyi etazini ak tout bagay sa yo. Kom ekspè yo poko voye rezilta bay Mèt Lafontaine, Msye sa di : « evite miyo pase mande padon” epitou « Atansyon pa kapon » li deside change adrès lekol la pou yon tibout tan. 

Kidonk, nouvo adrès GRAND COLLEGE L’HUMANISME se nan Taba, boulva 15 oktob nan do anbasad peyi etazini a. 

Alatèt lekol la deside ede paran yo nan zafè transpo timoun yo. Depi 6 zè dimaten, yon gro bis apfè vireron nan kalfou ayeropo ak kalfou Flerio pou mennen timoun yo nan lekol la. Lè lekol lage lap fè menm bagay la. Alatèt lekol la di yon gwo mèsi ak tout moun ki bay ti elèv yo roulib ou ki mennen pitit yo lekol la. 

Alatèt lekol la ak tout pwofesè yo bay garanti ke anyen pap change. Travay ap fèt pou timoun yo kontinye fè enfomatik, fè espo, al nan laboratwa fizik, chimi ak byoloji. Lè vandredi ak samdi ap gen dans ak teat, sinema. Sèl diferans, aktivite sa yo pral dewoule nan nati a menm. 

Depi w wè ou tande not sa a, ke w se paran, elèv, pwofesè, kolaboratè pase nan 28 la oubyen rele nan nimero sa yo pou w fè konnen ke w la :

39 44 30 87, 35 82 41 72, 39 08 33 10, 36 24 64 77, 39 10 81 58 ou 37 47 91 04. 

Ak konkou tout moun, GRAND COLLEGE L’HUMANISME ap retounen sal te toujou ye a : Yon lekol lot bo dlo nan peyi dayti.  Pablye gwo parol la : TET KI ABITYE POT CHAPO AP TOUJOU POT CHAPO. 

GRAND COLLEGE L’HUMANISME DI : « AK BON LEVASYON, PEYI DAYTI PAP PERI ! »

 

Mèt Lafontaine JOSEPH

Alatèt Lekol la